ABOUT US
Pwodwi Lokal Ayiti se yon store ki mete an valè tout richès ak bèlte pwodwi natirèl Ayisyen yo. Nou kwè nan kalite, nan otantisite, epi nan fòs eritaj nou. Chak pwodwi nou ofri se yon refleksyon kilti, tradisyon, ak lanmou nou gen pou Ayiti.
Misyon nou se bay moun lakay kou aletranje aksè ak bon jan pwodwi lokal ki fèt ak pasyon ak respè pou anviwònman an. Nou travay dirèkteman ak pwodiktè lokal yo pou nou asire ke chak atik nou vann se senbòl otantisite ak ekselans.
Lè ou achte nan Pwodwi Lokal Ayiti, ou pa sèlman ap jwenn bon jan kalite pwodwi, men ou ap ede ankouraje devlopman ekonomik ak soutni ti pwodiktè Ayisyen yo. Nou fyè dèske nou kapab reprezante Ayiti ak tout sa li genyen pi bèl ak natirèl.
Mèsi paske ou chwazi soutni Pwodwi Lokal Ayiti. Ann mete men ansanm pou nou fè richès peyi nou klere pi lwen!